Klass Kout Papa

You’re gonna like this one
 Klass to talk, Klass to jump up, Come on!
 Alright alright alright alright righttt alright
 Alright alright alright alright righttt alright
 Se li ki mete F nan flannè 
 Li tèlman madre'l met las trèf nan pokè 
 Nan game nan se lik pi bon jwè 
 Li pa pafè men l pa janm fè erè 
 Li di li gen on bon fanm gras a Die 
 Sa fè nevan depi yo marye 
 Yon ti gason dizan yap leve 
 Kè li kontan lavi li konble 
 Yo toujou di'l ak  pitit li pa sanble 
 dèfwa sa fè’l fristre 
 Li toujou defann madanm li tèt kale 
 Son non'm konsa li ye 
 Yon bon jou matin li deside mete dout sou kote 
 Li pran pitit li lal nan on sant de sante 
 Sa’w tande a 

Anmweeeyyy, Rale DNA

Anmwey… Vwazinaj rele mande sak pase 
 Anmwey… Paran panike mande sak rive 
 Anmwey… Li foure men nan pòch rale DNA a 
 Anmwey… Genlè’l pr'on fo mamit li pr'on kout pitit 
 Alright alright  heeee
 Li pr'on kout pitit 
Madanm parèt konsa'l pantan 
 Li pa konn ki pye pou li mete devan 
 Ti pachat se kout manchèt nan dlo 
 Men lè gen timoun se kout kouto nan do 
 Mesye a gentan dezole ti gason an menm fin debousole 
 Atitid li lekòl pachiman 
 Ou paka blame’l son kout papa li pran 
Son sitiyasyon tout moun soufri pandan tout moun sibi 
 Sosyete peye’l a timoun mal tonbe sa se la verite 
 Premye moun sou tè sa li fè konfyans manman se referans 
 Sak ta di jodya’l ta gen degoutans 
 mwen tande 
Anmwey… Vwazinaj rele mande sak pase 
 Anmwey… Paran panike mande sak rive a
 Anmwey… Li foure men nan pòch rale DNA a 
 Anmwey… Genlè’l pran nan on fo mamit
  li pr'on kout pitit
 alright alright.. li pr'on kout pitit
Klass Kout papa
Lè w panse’w konen’w pran on kout pitit 
 Se pitit la ou bay kout papa 
 Di m ak ki kouraj ou fè sa 
 Timoun nan pa merite sa 
 Mwen di lè’w panse’w konen’w bay on kout pitit 
 Se pitit la ou bay kout papa
 Ti mesye pa fè kè’n sote
 Ti medam Klass yo pa konsa 
Klass nan kay la 
 Pipo ou konn adrès la (haha haha)
 Oh oh ohhhhhhhhhh  Johnson Napoleon 
 Kenbe li yon tonton
Once again, 
 Lè w panse’w konen’w pr'on kout pitit 
 Se pitit la ou bay kout papa 
 Di’m ak ki kouraj ou fè sa 
 Timoun nan pa merite sa 
 Mwen di lè’w panse’w konen’w bay on kout pitit 
 Se pitit la ou bay kout papa
 Ti mesye mdi nou met poze
 Ti medam klass yo pa konsa
Anmwey… se ou’l te fè konfyans hee
 Anmwey… kounya’l gen degoutans 
 Anmwey… foure  men nan pòch rale DNA a 
 Anmwey…genlè’l pran nan on fo mamit
 Li prank kout pitit

Please support our Artists! If you like this song, purchase it here at CD Baby

Related posts