BIC lyrics A suiv

Lyrics BIC A suiv

Lem ri sa fem santi’m pi byen ke lem kriye
Se pou sa’m pa jan’m monte sou yon sene ak dlo nan je
ko’m chante se pi bel fason pou’m priye
m’pa met lafwa’m nan relijyon poul pa andomaje

mwen konnen nou li biyografi’m
de tout fason
mwen konnen nou konnen sam fe nan kek lot nasyon
m’pa diferan de jezi kri
li fet nan yon pak bet
e’m fet nan on kapital ki tounen yon pak kochon

Antanke ti kochon’m fe vale’m
E on jou’m mande paran’m pouki dyole pwezi’m long konsa

Yo reponn, yo dim se vini map vini
ayiti pa kwe nan vale (Haiti does not believe in values)
on le wap konpran’n sa (One day you will understand that)

Jodi a mesye’m regret m’tal lekol (Today I reget that I went to school)
m’boule plis ke 14 zan (I burned more than 14 years)
malgre sa map boule kawotchou (Despite this, I am burning tires)

E si’m poko boule tout vye setifika yo
se paske manman’m vivan
se swe ko’l ki te peye pou yo

Nou gagannen jenes la met deyo
y’al pran jout mato sou dwet
nan kloure kaloj pou chen laba

Si’w rankontre yon moun ak diplom isi
se paske li gen yon parenn OU BYEN’L PA GEN VIZA

Depi’m gen konsesans n’ap kale wes
geto, polis pete bal, leta pa pete ba’n santi
m’gen 2 pitit fi, 2 deyes atis peyi
pete chwa fe’m oblije fe yo pati

An palan de atis, mesye chapo ba (Speaking of artists, gentlemen hats off)
nou detrone machan’n pwason (You dethroned fish sellers, hats off)
mesye chapo ba
gen nan nou ki vi’n lide (some of you become leaders, hats off)
mseye chapo ba
Nou ranpe tankou kalmason (you crawl like snails, hats off)
mesye chapo ba

M’pase pran media (I am talking to the media)
gade chapo ba
Nou pwomote sak pi pa bon yo (You promote the worst of , hats off)
mwen di chapo ba

Kom pa gen pwomosyon san pwomote
m’salye pwomote, HMI atis san dwa ote

M’bouke, franchman’m bouke
chita gade bouki kap fe ti malis bouke
M’bouke, men wi’m bouke
we ti je’n tounen toutous
granmoun yo zo bouke

Ayiti Cheri, konnen ou pral repwoche’m
lew tande m’al viv nan yon lot peyi ki anbwoche’m
m’konn tande jan wap repwoche atis avanm yo
se pa yo’k deside, se leta ayisien ki vann yo

Yon peyi gen 5 pwoblem

Koripsyon 1
Koripsyon 2
Koripsyon 3
Koripsyon 4
Koripsyon 5

Sou 5 moun, gen 4 koripte
li difisil pou respire ke pou viv nan koripsyon

nan bwat leta yo gen twop moun ki bezwen resikle
nan bwat leta yo gen twop moun ki bezwen retrete

Nou chaje jenn fanm ak nivo men patron yo jis mande
ki nivo jip ou ka leve
oh
m’polo fini
m’poko fini

ti zon dife poko fini
ret branche

lekol te toujou tet anba
men’m te toujou sou bet
m’pat toujou dako ak paran’m
menm te toujou soumet

E dep le ti zon dife a
nan mizik li montre ke
nan mitan bouyi vide pwezi ka toujou gen met

men antre nou pepe siw pa renmen labou
ki sa wal fe nan chanm
poukiw pat chita nan lakou

ou eksplikem menm toujou poko konprann
leta pale de peyim tankoul pale de fant janm

entelektyel leta pa bezwenw
siw gen kolonn vetebral leta pa bezwenw
malere onet
leta pa bezwen’w
ti souri vle manje pwezim
let pa bezwenm

nou gen gaz nan vant
pa gen gaz nan pomp
pep la pran lari pou mande leta potel sekou

antretan gen lot moun ki gen gaz
machinn blende gwo sekirite pou transpote poupou

nou la kek jou nap siveye lem grangou
poun fem pwofite manje tout bel pwezi mwen ekri yo

Nou la kek jou nap sieveye lem raze
poun pwofite fem chante vye mizik kap pale be yo

ti zon dife chape deja n’paka bal mal djok
ti zon dife pa nan chante pou boujwa malwop

m’te bezwen peyi pou pitit mwen te viv
m’fose’m fe yo ale
bagay sa li fem mal twop

m’pa gen anyen poum pedi (non)
tout sa’m posede se pwezim ki ban mwen’l

e pou tout pwomote tap banm dandi

rat rat rat m’on bel grenn dan’m ba ou
wa banm yon vye dan pouri

An palan de pwomote, ki sa nap pwomote
nou panse’m tap pote talan’m ba nou pou mou gagote

si yo te gen mikro nan pantalon yo
gen atis ki tap di nou se bourike nap fe yo bourike

ti zon dife a se yo bos (bos)
pa atann map vinn mande nou vye fave

m’gen lontan’m chanje pos (pos)
dlo pwop ak dlo labou
pa gen menm save

respe pou kek anmiate ki etidye
ki nan mikro, ki konn sa yap fe

respe pou kek jounalis ki bat bet
ki kenbe tet, ki rive nan tet yo

pou tout machann mikro k’ap brase
brase, brase bil atis

sim pa pot album nan radio anko
se paske etranje pa pote
men nou toujou woule yo gratis

Adolesan nan alkol ak sigaret
palman tankou yon kanson san braget
mesye le majistra pa gen poubel menm pou lakay li
prezidan pa vle met pantalon nan tay li

gen yon bann moun nan lopozisyon
frem ki pa gen vre pozisyon
gen yon bann lot nan gouvenman
kwem yon pye deyo, yon pye anndan

lew kenbe pye yon volo lavail
nan rale ou reyalize tet la se petyonvil li ye
siw kenbe dwe yon neg petyonvil
gade si se pa perik
gen dwa se yon tet kale li ye

Onetman’m pa ka kwe’m pare poum mouri pou ayiti
men kom mwen pre pou’m mouri ak diyite
genle fom ta fon ti kite ayiti

gadon kesyon
he heyyyy

Gadon kout pik (kout pik)

M’poko fini
M’poko fini
Ti zon dife poko fini

Ret branche

M’poko fini
M’poko fini
Ti zon dife poko fini

a suiv

Some excerpts from BIC’s song A suiv = To follow

I know you read my biography
anyway.
I know you know what I do in some other nations
I am no different from Jesus Christ
He was born in a cave and I was born in capital that becomes a pig farm

If you meet someone with diploma in Haiti,
it is because he has a sponsor or he has no Visa

Related posts